Crowdfunding Platforms
Short Story
Non Pam se Djeff M., mwen se Yon jèn antreprenè, mw trè aktif, mwen kwe nan biznis anpil e mwen gen foug pou mwen fè biznis.
Rezime Pwojè a
Mwen vle relanse ti biznis fè epis natirèl ki pote gou lakay nan tout asyèt. Pwojè sa a pral kreye yon seri melanj epis san aditif, san prezèvatif (konsèv chimik) , ki fèt ak engredyan natirèl lokal yo. Objektif nou se ede fanmi yo byen kwit manje yo pandan y ap konsome pwodwi ki an sante epi sipòte agrikiltè lokal yo.
Pwoblèm Nou Vle Rezoud
Moun yo itilize twòp epis chimik ak konsèv ki danjere pou sante yo.
Manifakti epis ki fèt an Ayiti ra sou mache a.
Ti agrikiltè yo soufri paske yo pa ka vann rekòt yo fasilman.
Solisyon Nou
Nou pral kreye epi vann:
✅ Melanj epis pou diri (jon jon, diri blan, diri kole)
✅ Epis pou vyann ak poul
✅ Epis pou sòs ak bouyon
✅ Epis espesyal pou griyo ak tasso
✅ Epis natirèl san aditif chimik (tankou MSG ak lòt pwodui chimik).
Nou pral travay ak agrikiltè lokal yo pou achte epis nou yo dirèkteman, konsa n ap ankouraje ekonomi lokal la epi bay fanm ak jèn yo travay.
Objektif Finansman an
Nou bezwen $,500 pou lanse pwodiksyon an:
$0 pou achte matyè premyè (piman, lay, jengibre, tim, lwil oliv, elatriye).
$0 pou achte ekipman (blender, moulin, boutèy, etikèt).
$0 pou anbalaj ak maketing.
Enpak Pwojè a
Kreye omwen 3 pòs travay pou jèn yo.
Sipòte agrikiltè lokal yo ak acha san entèmedyè.
Bay kliyan yon altènatif natirèl ak an sante.
Mèsi pou Sipò w!
Ou ka patisipe nan realizasyon pwojè sa a lè w fè yon kontribisyon sou GoKolektif epi pataje li ak zanmi ou yo! Ann ankouraje bon gou lakay ansanm!
Map di mèsi ak tout staff GoKolektif lan pou inisyativ sa yo pran e mespere nap akonpanye mw pou ede mw remete biznis mw an kanpe💚👏
Mèsi
Gou lakay: “Bon Epis Natirel”

Story
Avan mw t konn vann epis blende an gwo ak an detay, mw t konn vann ak machann pou revann e mw t menm konn bay yo nan maket tou.
Mw gen pwop mak pam “Bon Epis Natirel”
Se yon biznis mw konnen bien, mw gen plus ke 8 an depi mw ap fel men mw t vin komèsyalize li an 2020
Mw gen bon jan eksperyans ladan e avek li mw kapab di biznis mw ap stab e rantab